Minis Afè Sosyal ak Travay, Georges Wilbert Franck, vwayaje nan peyi Kolonbi semèn sa a pou patisipe nan 22zyèm Konferans Entèamerikèn Minis Travay Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ki ap fèt nan Bogotá, 23 ak 24 oktòb 2024.
Nan konferans sa a, minis yo ap diskite sou gwo defi travay nan kontinan an, tankou pwogrè entèlijans atifisyèl, chanjman klimatik, ak pwoblèm enpòtan tankou inegalite ak travay enfòmèl.
Konferans lan gen pou tèm « Lavni Travay nan Amerik yo: ranfòse lapè, jistis sosyal, ak aksyon klimatik. » Minis Franck te prezide 2 premye kòm ranplasan minis travay Kolonbi a, Gloria Inés Ramírez, prezidan konferans lan. Dezyèm seyans lan, te konsantre sou teknoloji dijital nan travay.