Si nou panse se Tonton Sam sèlman ki yon gwo pwoblèm pou AYITI nan enjerans ak enpètinans, nou nan gwo erè. Se tout peyi Loksidan yo menm ki pran Ayiti pou twal pye yo, sitou ak koze Kò Gwoup sa. An 2016, mwen te gen yon » bat bouch diplomatik » nan Palè ak Anbasadè Espay la ki t ap bay » presyon diplomatik » pandan yon rankont Kò Gwoup ak Prezidan Privert e kèk konseye li yo tankou mwen. M te pran lapawòl pou m di misye vin pi klè, pi dwat ak presyon vwale l ap bay yo. Li te blije rektifye pou l di se pa presyon li t ap bay. Men mwen garanti nou se te presyon. Nou gran timoun, nou konprann vit e byen.
Presyon Kò Gwoup la se te pou ni Komisyon Verifikasyon an ( CIEV ) pa t mete sou pye ni pou eleksyon tèt bòbèch 2015 yo pa t refèt. Anbasadè Espay la te pi Tèt kale ke Martelly alepòk. Malerezman pou li, prezidan Privert pa t pran presyon. M te youn nan Konseye ki te kore l nan pozisyon fèm li pou refè eleksyon yo. Mwen pa dijere enjerans flagran sa yo. Anfèt, nou te refè eleksyon yo ak lajan pèp Ayisyen an epi detèminasyon. An pasan, mwen te gen gwo dezakò ak Prezidan Privert nan Palè sou dosye deplwaman solda dominiken sou teritwa nasyonal la apre siklòn Matthew a an oktòb 2016. M a retounen sou sa nan yon tèks » ti moso listwa » .
Nan rankont sa nan Palè nan mwa avril 2016 ak Kò Gwoup, Reprezantan Inyon Ewopeyèn lan te menm oze di yo te gen tan pibliye rapò pou di eleksyon 2015 Ayiti yo ki te gate yo se youn nan pi bon eleksyon ki janm fèt sou latè e ke yo te obsève, kidonk si nou refè eleksyon sa yo Inyon Ewopeyèn ap pèdi kredibilite l sou sèn entènasyonal la. Sa vke di jouk mwa avril 2016 Blan yo te vle pou nou kontinye ak menm rezilta eleksyon 2015 yo : Jovenel Moïse premye, Jude Célestin dezyèm. Se tankou koze ki di depi blan di w ou mouri, donk ou mouri kit ou byen vivan.
Ayiti antòtye ak peyi Loksidan yo nan yon rapò dezekilibre ki sakrifye enterè entènasyonal pèp ayisyen an pou satisfè menm ti kapris peyi etranje sa yo. Kat la dwe rebat ! Fòk li rebat ! E l ap rebat …totouta !
DV