Liban: 274 moun mouri nan atak Izrayèl yo, plizyè milye fanmi oblije kite kay yo
Nan Beyrouth, move frap izrayelyen yo kont Liban te lakoz lanmò 274 moun, ladan yo 21 timoun. Minis Sante Liban an, Firass Abiad, te fè konnen plizyè milye fanmi te oblije kite kay yo.
Gen plis pase 5000 moun ki blese nan mwens pase yon semèn. Nan yon kontèks kote kominote entènasyonal la ap mande yon sispann tire, tansyon ant lame izrayelyen ak Hezbollah kontinye ogmante.
Premye Minis libanèz la, Najib Mikati, denonse atak sa yo kòm yon plan pou detwi peyi a. Pandan plizyè zòn ap soufri anba atak yo, lopital yo nan alèt epi lekòl yo fèmen nan plizyè rejyon.