Air Transat anonse li pral sispann tout vòl li yo nan direksyon Pòtoprens jiska 15 janvye 2025. Nan yon kominike ki soti vandredi 15 novanm, konpayi an fè konnen: « Akòz ogmantasyon vyolans ann Ayiti, nou oblije kanpe vòl nou yo pou pwoteje ekipaj nou yo ak kliyan nou yo. N ap kontinye suiv sitiyasyon an epi revize desizyon sa a lè kondisyon yo vin pi sekirize. »
Paralèlman, AmeriJet, yon lòt konpayi avyon, anonse li menm tou li sispann sèvis li yo sou Ayiti pou yon peryòd 30 jou. « Pou kounye a, nou pa pral aksepte okenn kago pou Ayiti. Sekirite kliyan nou yo, ajan nou yo, ak tout pèsonèl nou an se pi gwo priyorite nou, » se sa yo fè konnen nan yon nòt.
Konpayi yo mete aksan sou enpòtans sekirite pandan y ap kontinye evalye sitiyasyon an pou deside si sèvis yo ka rekòmanse nan yon fason ki an sekirite.