DDA/Entèvansyon Polisye: Edson Arisma, chofè gang « Kokorat San Ras, » arete
Polis Depatman Latibonit la arete Edson Arisma, yon jèn gason 18 lane, ki se chofè gang « Kokorat San Ras ». Selon enfòmasyon yo, Edson se chofè Gerbens Tilus, yo rele tou Benjy, ki se dezyèm chèf nan gang lan.
Dapre deklarasyon Arisma bay pandan entèwogasyon li, li gen wòl achte tout sa gang lan bezwen pou fonksyone.
Sa montre kijan gang « Kokorat San Ras » ap opere ak estrikti ki byen òganize, kote chak manm gen yon wòl espesifik. Arestasyon Edson se yon gwo kou pou gang lan, e li ka mennen nan plis arestasyon epi febli operasyon yo. Pou kounye a, Edson Arisma rete nan gadavi pandan y ap kontinye suiv pwosedi jidisyè ki nesesè yo.
Entèvansyon sa a se yon pati nan estrateji Polis Latibonit la pou konbat aktivite gang yo, ki se youn nan gwo pwoblèm sekirite nan rejyon an. Pèp la espere entèvansyon sa a ap kontribye nan pote plis sekirite nan kominote ki viktim nan vyolans gang yo.