Home Enfo Lokal Konseye Fritz Jean bat bravo pou lapolis ki atake gang nan Ti-Rivyè...

Konseye Fritz Jean bat bravo pou lapolis ki atake gang nan Ti-Rivyè Latibonit

Fritz Alphonse Jean, konseye prezidan an, salye kouraj polisye ak MSS yo ki ede libere Tirivyè anba men gang kriminèl. Leta angaje l pou kore fòs lòd yo ak yon bidjè lagè pou retabli sekirite nan peyi a.

Samdi 7 Desanm 2024

Yon lòt fwa ankò aswè a nou salye kouraj vanyan polisye nou yo ak solda MSS yo ansanm ak popilasyon an ki rive brave tout danje pou debake nan komin Tirivyè aswè a nan objektif pou libere Pèp Latibonit la anba gang kriminèl.

Yon lòt fwa ankò leta ap mache kòtakòt ak fòs lòd yo pou Bay yo tout mwayen nesesè pou retabli sekirite nan peyi a.

Kòm nou te di l nan dènye entèvansyon nou nan semèn nan, nou nan yon sitiyasyon lagè, bidjè rèktifikatif la pral yon bidjè lagè pou kore fòs lòd yo. Li dwe pèmèt yo jwenn materyèl, e tabli kondisyon pou yo leve defi ensekirite sa ki paralize peyi nou an e anpeche popilasyon viv.

E nap kontinye mande popilasyon an pou li fè kò ak fòs lòd yo pou nou rive ansanm konstwi lòt Ayiti nou tout swete a.

Kenbe djanm fòs lòd yo! Popilasyon kenbe fè m!

Viv Ayiti

Fritz Alphonse Jean

Konseye prezidan

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here