Home Enfo Lokal De branch Egzekitif la chita pale pou met lòd nan aksyon y...

De branch Egzekitif la chita pale pou met lòd nan aksyon y ap fè ansanm

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak ekip Primati a òganize yon yon atelye travay jounen dimanch 8 desanm 2024 la.

Atelye sila se pou ranfòse relasyon nan mitan 2 gwoup yo. Patisipan yo detèmine gwo estrateji pou evite tout konfli ki ka anpeche yo gade nan menm direksyon pou sèvi peyi a.

Nan sans sa a, moman refleksyon an debouche sou yon « Kad ranfòsman tèt ansanm nan enstitisyon yo pou reyisit tranzisyon an ». Dokiman sila a valide plan travay ekip tranzisyon an, apwouve tèks ki defini responsabilite piblik KPT a ak Primati a epi kòd dewontoloji pou bi byen oryante manm pouvwa a yo.

Dapre Egzekitif la, rankont sila a montre yon lòt fwa ankò, montre volonte manm Konsèy Prezidansyèl la ak Gouvènman an pou travay nan tèt ansanm pou soulaje sitiyasyon pèp la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here