Plizyè lidè nan kominote ayisyèn Nouyòk lanse yon mouvman pou manifeste kont diskou rasis kap soti nan ekip Donald Trump lan. Nan ekip sa a, yo site J.D. Vance, Donald Trump Jr, ak kandida a li menm, Donald Trump. Manifestasyon sa a ap fèt 18 septanm k ap vini an nan Long Island, menm jou kote Trump gen plan fè yon rasanbleman elektoral nan zòn nan.
Daprè Edens Debas, youn nan prensipal òganizatè yo, plizyè lòt gwoup soti nan diferan kominote ap vin bay sipò yo. Lidè sa yo ap fè apèl ak tout Ayisyen nan pou mobilize, paske yo kwè li enpòtan pou reponn ak fason rasis ekip Trump lan te atake kominote ayisyèn nan dènye jou yo.
Ekip Trump lan te fè yon seri deklarasyon ofansan kote yo akize Ayisyen ki nan vil Springfield (Ohio) de vòlè bèt kay tankou chen, chat, ak kanna pou yo manje.
Donald Trump Jr, pi gran pitit gason ansyen prezidan an, te pwononse yon lòt deklarasyon ofansan kote li deklare ke Ayisyen yo se « moun ki pi sòt sou planèt la, » e selon li, prezans yo Ozetazini se sèlman pou fè peyi a tounen yon peyi tyèmond.
Deklarasyon sa yo soulve anpil kòlè nan mitan kominote ayisyèn nan ak lòt gwoup imigran, ki wè yo kòm yon menas pou byennèt ak respè yo kòm moun.
Manif sa a pral yon okazyon pou kominote ayisyèn nan ak lòt kominote imigran yo montre solidarite ak fòs yo, pandan y ap denonse prejije ak diskriminasyon. Lidè yo fè konnen yo pa ka rete an silans lè moun ap atake diyite yo, e yo dispoze mache nan lari pou fè vwa yo tande.