Home Lakilti Lapolis Miyami arete chantè ayisyen K-Dilak

Lapolis Miyami arete chantè ayisyen K-Dilak

Atis Kadilak arete nan Miami paske li t ap kouri pou yon kontwòl lapolis

Chantè ayisyen Joubite Dessalines, aka Kadilak, te arete madi swa nan Miami Beach apre li te refize kanpe pandan yon kontwòl lapolis. Dapre enfòmasyon ki soti sou sit ofisyèl Miami-Dade, Kadilak te vyole lwa sikilasyon lè li te eseye chape poul li, malgre sirèn ak limyè lapolis.

Lapolis nan Miami-Dade te arete Kadilak paske li te refize obeyi lòd pou kanpe pandan yon tchèk machin. Enfòmasyon yo konfime ke chantè a te arete pou vyolasyon lwa sou sikilasyon.

Apre arestasyon an, Kadilak te libere sou kosyon 2,500 dola.

Ensidan sa a poze kesyon sou responsablite pèsonalite piblik yo ak konpòtman yo lè y ap kondwi, espesyalman nan respè lwa sou wout. Kèk mwa anvan sa, yon enfliyanse ayisyen, Westerlie, te arete pakse li t ap kondwi san pèmi.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here