Vandredi sa a, 75 sòlda soti nan Gwatemala ak 8 sòlda El Salvadò debake nan Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti sou yon avyon militè ameriken. Yo pral ranfòse Misyon Militinasyonal pou Sipòte Sekirite Ayiti (MMASH), ki la depi fen jen 2024. Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Leslie Voltaire, ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, te akeyi delegasyon an.
Sòlda sa yo rive nan yon moman kote lapolis ak fòs entènasyonal yo ap itilize nouvo estrateji pou elimine gang ame yo ki kontwole prèske 80 % kapital la. Yo pral travay ansanm ak 400 polisye kiben ki deja sou teren an.
Daprè OIM, plis pase 10 800 moun te oblije kouri kite kay yo nan Pòtoprens apre dènye atak yo nan Poste Marchand, kote vyolans kontinye ap plonje popilasyon an nan trajedi. Prezidan Voltaire anonse « gè kont tout manm gang yo » pou retabli lapè nan peyi a.
