Home Lòtbò Panik nan Ohio : yon òganizasyon deside trennen Trump ak Vance devan...

Panik nan Ohio : yon òganizasyon deside trennen Trump ak Vance devan lajistis

Yon òganizasyon ameriken ki reprezante kominote Ayisyèn nan, Haitian Bridge Alliance, depoze plent kont Donald Trump ak JD Vance pou menas ak dezòd nan Springfield, Ohio. Yo akize ansyen prezidan an ak senatè a pou yo te simaye fo akizasyon sou imigran pandan yon deba prezidansyèl.

Haitian Bridge Alliance fè konnen Trump ak Vance te difize fo alèt, fè menas atravè telefòn, epi kreye panik nan vil la. Òganizasyon an mande tribinal la pou lanse manda pou arete Trump ak Vance, deklare ke aksyon yo te fè intansyonèlman pou kreye dezòd.

Anplis de sa, imigran Ayisyen ki nan Springfield yo gen « Estati Pwoteksyon Tanporè » epi yo legalman nan peyi a, malgre akizasyon Trump yo. Malgre tout pwotestasyon, anpil nan kominote a pè pou sekirite yo akòz menas piblik ki te fèt kont yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here