Premye Minis Garry Conille te fè yon rankont enpòtan ak Direksyon Jeneral Sant Nasyonal Ekipman (CNE) apre konsèy minis la te siyen yon dekrè ki transfere materyèl enstitisyon sa a bay Lame d Ayiti. Pandan rankont sa a, Premye Minis la te bay asirans ke pèsonèl k ap travay tout bon nan CNE p ap pèdi travay yo.
Garry Conille eksplike ke yon ekip espesyal pral evalye epi regilarize sitiyasyon anplwaye yo. Dapre sa li di, kèk nan yo ap vin kontraktyèl oswa fonksyonè sivil nan Lame d Ayiti, nan Ministè Travay Piblik ak Kominikasyon (TPTC), oubyen nan lòt enstitisyon Leta. Gen lòt ki ka entegre nan Lame d Ayiti kòm militè, selon pwofil yo ak chwa yo.
Li ajoute ke tout materyèl yo pral ekipe ak #GPS, sa ki pral pèmèt Leta lokalize yo fasilman pou asire ke yo sèvi popilasyon an jan sa dwe fèt. Premye Minis la mete aksan sou nesesite pou tout travay fèt nan transparans ak pou bon jan sèvis akonpli pou byen peyi a.