Home Lòtbò Yon kamyon al kraze nan yon biznis alkòl epi touye 11 moun...

Yon kamyon al kraze nan yon biznis alkòl epi touye 11 moun nan Dominikani

Dimanch maten nan Repiblik Dominikèn, yon kamyon al frape nan lokal yon komès alkòl nan vil Azua, ki nan lwès kapital la, Santo Domengo.

Aksidan an touye omwen 11 moun epi blese plis pase 40 lòt moun, dapre sa otorite lokal yo fè konnen. Pami viktim yo te genyen yon serjan polis, dapre Diego Pesqueira, pòtpawòl polis nasyonal la.

Kamyon an, ki te chaje ak fwi, fè gwo dega lè li antre nan etablisman an kote anpil moun te rasanble. Plizyè nan yo t ap bwè alkòl devan galri kay la. Otorite yo ap fè ankèt toujou pou konnen ki sa k te koz aksidan an, epi yo ap egzamine imaj kamera siveyans yo nan zòn nan.

Chofè kamyon an kouri kite plas la apre ensidan an epi yo poko jwenn li. Sepandan, lapolis te gentan met men nan kòlèt yon pasaje ki te nan machin nan.

Evènman trajik sa a mete kominote Azua a nan lapenn pandan otorite yo ap kontinye chèche chofè k ap kouri a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here