Home Edito Edito : Tande bèf, al wè kòn !

Edito : Tande bèf, al wè kòn !

Yon leson sou ilizyon ak limitasyon pouvwa

Gen yon ti bèt nan rejyon Latibonit yo rele « Towo Lagon. » Nan kè lari a, li fè yon gwo bri ki ka fè moun kwè ke gen yon gwo towo bèf kache nan fèy yo. Men, lè yon moun al gade, yo sezi pou yo wè yon ti bèt san pwisans, san kòn, ki lwen lwen ak sa yo t ap panse. Se yon ilizyon, yon miraj.

Se sa pwovèb kreyòl « Tande bèf, al wè kòn » vle di. Li raple nou ke nou pa dwe toujou baze sou sa ki parèt, paske reyalite a ka totalman diferan.

Istwa premye minis Gary Conille bay yon bon ekzanp de sa. L ap pran pòz yon moun ki gen kouraj, ki ka antre nan kwizin politik Ayiti a pou fè chanjman, e menm fè yon defèt ak moun ki gen plis pouvwa. Men lè nou gade pi pre, lè nou al « wè kòn » li, n ap dekouvri ke li te manke fòs pou l fè fas ak gwo defi yo.

Finalman, apre plizyè konfli, li te oblije soti nan Primati a, an kous kouri, paske Konsèy Prezidansyèl mete l deyò pandan gwo blan li te ap gade sou yo, monte vit sou li.

Ou pa ta di Gwomoso!

Leson ki soti nan istwa sa a enpòtan anpil pou nou tout. Souvan, nou panse ke gen moun oswa enstitisyon ki sanble gen tout pouvwa a, ki sanble inebranlab. Men nan fon bagay yo, pouvwa sa a ka fèb, ka enstab, tankou « Toro Lagon » ki fè anpil bri men ki san kòn ak fòs.

Gary Conille te antre nan jwet politik Ayiti a san reyalize vrè kapasite li. Kòm pwovèb la di: « Si w pè chalè, pa vin nan kwizin. » Li enpòtan pou yon moun konnen limit li, pou li evalye fòs li anvan li antre nan yon goumen ak sistèm ki chita sou estrikti, sou enstitisyon solid, epi ki gen anpil enpak nan sosyete a.

Nan fen jounen an, istwa Towo Lagon ak Gary Conille raple nou enpòtans verifye sa nou tande, sa nou wè, epi evalye avèk sajès anvan nou pran desizyon. Twòp moun ap antre nan won san baton. Yo antre nan batay san yo pa konnen verite ak fòs moun yo ap konfwonte. Pwovèb « Tande bèf, al wè kòn » fè n sonje ke parèt pa toujou vle di reyalite.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here