Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils te patisipe jounen jedi 27 fevriye 2025 lan, nan seremoni omaj nan memwa Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent.
Se te yon seremoni ki te fèt nan prezans minis Kilti ak Kominikasyon an Patrick Delatour, divès ansyen minis, pami yo Pradel Henriquez, Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias, nouvo Delege Depatmantal Lwès la Andy Marcelus kèk manm nan Kò diplomatik la, reprezantan Akademi Kreyòl Ayisyen an epi plizyè manm nan sosyete sivil la ; Powèt, Ekriven.
Nan seremoni omaj sila a, plizyè pèsonalite te pran lapawòl pou salye depa gwo bout tonton Ekriven sa a epi esplike eksperyans yo te fè ansanm ak defen an. James Germain, Barbara Guillaume ak plizyè lòt atis, sou bò pa yo, te rann omaj ak gwo mapou sa a nan divès prestasyon.
N ap raple Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d’Argent te fèt nan dat 12 avril 1936 epi li mouri 20 fevriye 2025.