Home Lakilti Renn chantrèl : Lumane Casimir, enperatris mizik ayisyen

Renn chantrèl : Lumane Casimir, enperatris mizik ayisyen

Lumane Casimir: Yon ikòn san parèy nan mizik ayisyèn

Lumane Casimir, fèt nan vil Plaisance nan lane 1914. Se te yon chantèz ak gitàris ki make istwa mizik peyi a.

Li te grandi nan vil Gonayiv, epi nan laj 14 lane, li te deplase pou Pòtoprens kote li te kòmanse kreye mizik pa l pandan adolesans li. Lumane te fè pati de plizyè gwoup mizik popilè tankou Legba Choir, Troupe Folklorique National, Jazz des Jeunes, e latriye.

Depi ane 1945, li te kòmanse jwenn rekonesans kòm atis Dayè, talan li te mennen l’ nan divès peyi tankou Kiba, Panama, ak Etazini ansanm ak lòt atis ak twoup dans.

Lumane Casimir se premye fanm gitàris nan listwa mizik ayisyèn. Nan karyè li, li te jwe ak gran atis tankou Celia Cruz ak chantè Pòtoriken Daniel Santos.

Pèp la te renmen anpil mizik tradisyonèl li yo, tankou « Papa Gede Bèl Gason » ak « Panama M Tonbe ». Se pa ti lwanj li te resevwa nan men fanatik li yo, ki te bay li tit « Rèn Meringue » ak « Enperatris mizik ayisyen ».

Malgre tout siksè sa yo, nan ane 1951, Lumane te kòmanse pèdi popilarite li epi li te fè fas ak gwo difikilte ekonomik. Lumane Casimir mouri an 1955 lè li te gen 35 lane. Menmsi li pati twò bonè, eritaj li rete vivan nan kè moun ak mizik Ayisyèn.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here