Jounen lendi 11 novanm 2024 la Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an remèt bay nouvo Premye minis peyi a, Alix Didier Fils-Aimé, kopi arete ki nonmen l nan pòs sila a.
Seremoni an te dewoule nan Viladakèy la an prezans plizyè manm ansyen gouvènman an, plizyè anbasadè ki akredite nan peyi a, Chèf Fòs lame peyi a, Derby Guerrier, Direktè jeneral Polis nasyonal la, Rameau Normil, ak lòt pèsonalite nan sektè politik, ekonomik ak sosyete sivil la.
Prezidan KPT an, Leslie Voltaire, felisite ansyen gouvènman an pou travay li te reyalize nan peyi a pandan l raple nouvo chèf Primati a gwo defi l ap genyen pou l leve epi ki paka tann ankò.
Nouvo Premye minis lan, sou bò pa l, fè konnen l ap gen de gwo pilye nan plan li an : konbat ensekirite a epi òganize eleksyon serye nan peyi a.