Nan kad prezidans tounante la, kote omwens 4 manb Konsèy Prezidansyèl ta dwe fè yon kout chita sou fotèy boure a pandan tranzisyon an, Leslie Voltaire te enstale alatè KPT a.
Men sanble pou Edgard Leblanc, monte prezidan se bèl bagay, remèt pouvwa se pi move kochma. Nan sans sa a, chrf pati OPL la te fache kou kong e li pa t met pye nan seremoni envestiti Leslie Voltaire a.
Men bagay yo sanble pap dous menm pou pouvwa sa, paske anpil moun mande pou 3 konseye ke ULCC akize nan dosye koripsyon an, bay demisyon yo. Pandanstan sa, pati ki te voye Edgard Leblanc yo di misye tou retire kò l nan KPT a pou bagay sa ka tou kraze.