Home Enfo Lokal Lapolis deklare li touye yon pil ak pakèt bandi nan gang Vitelòm

Lapolis deklare li touye yon pil ak pakèt bandi nan gang Vitelòm

Operasyon Polisye : Polis Nasyonal Ayiti mennen operasyon nan Torcel, kote gang « Kraze baryè » ap opere

Nan kad batay kont gang ame sou tout teritwa nasyonal la, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse l ap kontinye mennen operasyon nan plizyè zòn nan peyi a, espesyalman nan Torcel, kote gang « Kraze baryè » dirije pa Vitelhomme Innocent ap fè lalwa.

Pandan operasyon ki te fèt samdi 12 ak lendi 14 oktòb 2024 ansanm ak fòs Multinasyonal la (MSS), objektif la te kraze gang « Kraze baryè ». Dapre lapolis, nan kad operasyon sa yo, yon ven (20) bandi pèdi lavi yo, zam afe, katouch, telefòn, ekipman sansib ak lòt materyèl te sezi. Polisye kourajè nou yo te rantre nan plizyè zòn estratejik kote kriminèl yo te itilize pou fè zak malonèt yo.

Pandan operasyon yo, yon machin blende MSS te tonbe an pann epi malgre entèvansyon teknisyen yo, li pa t kapab ranje. Dezyèm chèf gang la, ki rele Deshommes, te soti blese pandan echanj kout zam ak fòs sekirite yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here