Home Enfo Lokal Vètyè : Konsèy Prezidansyèl la inogire yon nouvo baz lame nan Taba

Vètyè : Konsèy Prezidansyèl la inogire yon nouvo baz lame nan Taba

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, Konseye-Prezidan Smith Augustin, Edgard Leblanc Fils, Louis Gérald Gilles, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak manm gouvènman an, komemore 221 lane Batay Vètyè a, jounen lendi 18 novanm 2024 la nan komin Taba . Delegasyon ofisyèl la te tou pwofite inogire nouvo baz Fòs Lame Dayiti ki pote non « Baz Vètyè ».

Seremoni sa te dewoule sou tèm : « Ak lespri Ewo Vètyè yo, Ayiti pa p peri ».

Prezidan KPT a, Leslie Voltaire, nan diskou li, salye memwa ak kouraj ewo Vètyè yo nan gwo batay ke yo te mennen pou delivre peyi a. Li fè konnen ke se moman pou nou met tèt ansanm pou n afwonte tout defi ki anpeche peyi a vanse. Li pwofite prezante inogirasyon baz militè Fòs Lame a kòm yon gwo pa nan avansman youn nan 5 chantye KPT a ak gouvènman an ,ki se : « Retablisman sekirite nan peyi a ».

Nan sans sa a, KPT a envite tout sòlda yo pou suiv tras ewo Vètyè yo pou yo ka ede Ayiti rekanpe. Nan mwa ki pral vini yo, gen anviwon 2500 sòlda ki pral pran bon jan fòmasyon nan « Baz Vètyè a » pou yo ka ede peyi a rekanpe.

Prezidan an renouvle angajman Konsèy Prezidansyèl la pou kontinye soutni epi ankadre Fòs Lame a pou avansman peyi a. N ap raple, « Baz Vètyè » a konstui sou 10 kawo tè epi li ka resevwa anpil sòlda, elikoptè elatriye.

Chèf Lame a, Derby Guerrier, bò kote pa l, remèsye KPT a pou nouvo baz sa a li bay Lame a epi li konte sou li pou ede l jwenn mwayen pou sòlda yo ka rekipere tout zòn ki sou kontwòl bandi yo. Li envite tout sòlda yo pou fè tout sa yo kapab tankou sòlda ki te mennen batay Vètyè a, pou Ayiti ka rekanpe.

Mesye Antoine Augustin, minis Edikasyon an te pran lapawòl nan okazyon an tou. Li envite tout moun pou mete fòs yo ansanm pou fè solèy lapè ak estabilite a blayi sou peyi a paske nou nan fènwa.

Direktè Jeneral Polis la, Normil Rameau te patisipe nan seremoni sa tou. Se yon sinyal klè ki montre, yon lòt fwa ankò, volonte Konsèy Prezidansyèl la genyen pou retabli sekirite nan tout peyi a nan enterè tout pèp la, kap viv nan peyi a oubyen nan dysapora jan sa ekri nan akò 3 avril 2024 la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here