Samdi 16 septanm, yon kamyon gaz eksploze nan zòn Nip yo, lakòz lanmò omwen 16 moun ak blese yon karantèn lòt, daprè Fidel Nicolas, responsab Pwoteksyon Sivil.
Temwen yo deklare eksplozyon an rive lè plizyè moun t ap eseye ranmase gazolin ki t ap koule nan sitèn kamyon an ki te domaje apre yon aksidan nan Miragwàn, yon vil nan sidwès peyi a.
Yo te kouri mennem moun ki blese yo nan lopital Sent Terèz nan Miragwàn, men kèk ladan yo te pral evakye nan lòt sant swen ki toupre zòn nan.
Premye minis pwovizwa a, Garry Conille, te enfòme li reyini an ijans ak ekip li pou diskite sou aksyon pou pran pou ede viktim yo.