Nan yon nòt pou laprès OPL pibliye lendi 23 septanm 2024, Òganizasyon Pèp an Lit (OPL) kondane dérive politik ki fè Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Edgard Leblanc Fils, anile vwayaj li pou patisipe nan 79yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an. OPL di sitiyasyon sa a se pa sèlman yon imilyasyon pou CPT a, men yon refleksyon konfli entèn nan gouvènman tranzisyon an.
« Se te yon sitiyasyon ki t ap fè bri depi kèk semèn e kounye a, li pete devan je tout moun sou sèn entènasyonal la, » Kétel Jean Philippe, kowòdonatè adjwen OPL, eksplike sou Magik 9. Li kritike atitid Premye Minis la ki, daprè li, ap aji tankou prezidan, mete sou kote otorite CPT a.
OPL mande pou respè total akò 3 avril la e eksprime nesesite pou lapè ak sekirite nan tranzisyon an.