Home Enfo Lokal Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre Jounen Entènasyonal Lang Manman

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre Jounen Entènasyonal Lang Manman

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre Jounen Entènasyonal Lang Manman 21 fevriye 2025 la sou tèm « Lang Kreyòl Ayisyen an, zouti rezistans pèp Ayisyen an. » Dapre prezidant AKA a, Rosilia François Corneille, tèm sa vle mete aksan sou enpòtans lang kreyòl la kòm yon senbòl rezistans ak idantite nasyonal.

Nan okazyon an, plizyè otorite ak pèsonalite kiltirèl te pale sou nesesite pou pwoteje ak valorize lang kreyòl la, sitou nan administrasyon piblik ak edikasyon. Direktè kabinè ministè edikasyon an, Jean Robert Dossaint, raple ke lang manman se yon eleman esansyèl nan devlopman ak transmisyon konesans.

Anplis de sa, Fritz Deshommes, rektè Inivèsite Leta Ayiti (ILA), ankouraje AKA pou kontinye dyalòg ak Leta sou wòl kreyòl la nan administrasyon piblik la.

Selebrasyon an te gen animasyon mizikal, lodyans, ak omaj pou Frankétienne, ki te mouri yon jou avan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here