Repiblik Dominikèn anonse plan pou depòte 10,000 Ayisyen chak semèn
Repiblik Dominikèn anonse, mèkredi 2 oktòb 2024, yon plan pou depòte 10,000 Ayisyen san papye chak semèn. Plan sa a, ki pral egzekite imedyatman, gen pou objektif redui kantite imigran ilegal nan kominote dominikèn yo. Dapre gouvènman an, operasyon an ap fèt pandan y ap respekte dwa moun yo ak diyite moun ki pral repatriye yo.
Pòt-pawòl prezidan Luis Abinader fè konnen, malgre misyon entènasyonal ki ap soutni polis ayisyen an, rezilta yo pa satisfè. Prezidan an di : « Nou te avèti Nasyonzini, swa yo aji responsab an Ayiti, swa nou pran responsablite nan pwòp peyi nou. »
Depi li pran pouvwa a nan 2020, Abinader ap ranfòse politik migratwa a, ak plis depòtasyon, epi konstwiksyon yon miray 164 km sou fwontyè Ayiti ak Dominikani. An 2023, plis pase 250,000 Ayisyen san papye te depòte.