Soti 9 pou rive 15 out 2024, pwovens Nouvel-Ecosse nan Kanada te òganize 7èm edisyon Fowòm Jèn Anbasadè Frankofoni nan Amerik yo (Forum Jeunes Ambassadeurs de la Francophonie des Amériques).
Pami 50 jèn lidè ki te chwazi sou plis pase 600 kandida, senk Ayisyen te fè pati gwoup sa a.
Non yo se Judith Cénot, Laura Louis, Ritzamarum Zétrenne, Marc Sony Ricot, ak Weldy Saint-Fleur. Yo te onore pou angajman yo nan defann lang franse ak pwomosyon kilti frankofòn.
Patisipasyon yo nan inivèsite Dalhousie ak inivèsite Saint-Anne te ofri yo opòtinite pou yo aprann, pataje konesans, epi ranfòse konpetans lidèchip yo.
Siksè senk jèn sa yo montre enpòtans angajman jenès ayisyen an nan avni frankofoni nan Amerik yo.
Sous/Kredi foto Le Nouvelliste