Home Enfo Lokal Inondasyon nan Nòdès : plis pase 2000 kay anba dlo nan Wanament,...

Inondasyon nan Nòdès : plis pase 2000 kay anba dlo nan Wanament, Ferye ak Gran Basen

Gwo lapli ki tonbe jedi 24 oktòb 2024 la frape plizyè komin nan Nòdès, tankou Wanament, Ferye, ak Gran Basen. Responsab Pwoteksyon Sivil la nan zòn nan, Joanis Fleury, prezante vandredi 25 oktòb yon bilans ki montre gwo dega nan zòn sa yo.

Dapre Joanis Fleury, plis pase 2,089 kay inonde nan Wanament, Ferye ak Gran Basen, epi yon kay preske kraze nèt. Nan plenn Maribahoux anlè ak anba, lapli a detwi plantasyon yo, epi plizyè douzèn bèt disparèt anba dlo a. Malgre gravite sitiyasyon an, pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo.

Ekip sekou Pwoteksyon Sivil la kontinye pote asistans bay fanmi ki viktim yo. Yo mete yo anba tant ak sipò Konsèy Enterimè Wanament lan ak lòt otorite lokal yo. Dapre delegasyon depatmantal la, Moïse Charles Pierre, yo deja pran mezi pou ede fanmi ki afekte yo epi pou degaje rivyè ak kanal yo, antisipe lòt lapli ki prevwa pou fen semèn nan.

Dapre enjenyè Lesnel Marcelus, gwo lapli sa a fè kèk travay sou kanal irigasyon Rivyè Masak la domaje, kote plizyè mèt gabyon ale nèt nan dlo. Sitiyasyon sa a ka gen gwo konsekans si travay yo pa fini rapidman.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here