Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelensky te rive Ozetazini pou kontinye vizit li kote l ap prezante « plan viktwa » li bay Prezidan Joe Biden ak Kongrè a.
Plan sa a vize mete fen nan envazyon Larisi nan peyi li.
Dimanch, lè Zelensky te fèk debake, li te vizite yon faktori zam nan Pennsylvania, kote y ap fabrike obis 155 mm ke Ikren ap itilize anpil nan batay kont Larisi.
Li te remèsye travayè faktori a pou kontribisyon yo epi deklare ke li enpòtan pou montre ke mond demokratik la ka genyen.
Zelensky pral rankontre Biden nan Mezon Blanch jedi epi diskite plan l pou mete fen nan konfli a. Li konsidere otòn sa a kòm yon moman desizif pou lagè a.
Prezidan an pral tou prezante plan li devan Kongrè a ak lòt alye entènasyonal pandan Asanble Jeneral Nasyonzini nan New York semèn sa a.