Home Enfo Lokal OPC mande Konsèy Prezidansyèl la respekte nominasyon Gédéon Jean nan KEP a

OPC mande Konsèy Prezidansyèl la respekte nominasyon Gédéon Jean nan KEP a

Ofis Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) eksprime gwo preokipasyon li poutèt non reprezantan sektè dwa moun ak fanm yo poko pibliye nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP), selon arete prezidansyèl ki te sòti 19 septanm 2024 la.

OPC mande Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT) pou konplete lis manm KEP la, epi respekte nominasyon Gédéon Jean, ke majorite òganizasyon dwa moun yo te chwazi kòm reprezantan nan enstitisyon elektoral la.

OPC ankouraje KPT pou finalize chwa reprezantan sektè fanm yo nan KEP la san pèdi tan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here