Prezidan ameriken eli Donald Trump konfime lendi ke youn nan premye mezi ekonomik li yo, apre l fin antre an fonksyon an janvye, se ogmante taks sou pwodwi ki soti nan Lachin, Kanada, ak Meksik. Dapre li, desizyon sa yo jistifye akoz kriz dwòg ak imigrasyon ilegal.
Nan yon mesaj sou rezo sosyal Truth Social, Trump deklare: “Sou 20 janvye, mwen pral siyen tout dokiman nesesè pou enpoze yon taks 25 % sou TOUT pwodwi ki soti nan Kanada ak Meksik.” Li ajoute ke taks sa a pral rete an plas « jisqu’otògè dwòg, espesyalman fentanyl, ak imigran ilegal yo sispann anvayi peyi nou! »
Prezidan an prevwa tou ogmante taks 10 % sou pwodwi ki soti nan Lachin, anplis taks ki egziste deja. Li pwomèt ke, si nesesè, li ka monte taks sa yo ankò.
Mezi sa yo make retou yon politik ekonomik agresif, kote Trump pa ezite relanse konfli komèsyal ak gwo peyi tankou Lachin, menm jan li te fè nan premye manda li.