Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire te nan tèt delegasyon ofisyèl ki te patisipe jounen 29 novanm 2024 la, nan selebrasyon 221 lane Ak endepandans peyi a.
Aktivite yo te dewoule nan depatman Nòdès, nan vil Fòlibète.
Nan okazyon sila a, Prezidan KPT a renouvle angajman l pou l rezoud pwoblèm ensekirite a ak plizyè lòt gwo pwoblèm ki ap ravaje peyi a.
Li te pwofite okazyon an pou li vizite kèk sit enpòtan nan vil la, tankou Fò Sen Jozèf.