Prezidan Dominiken, Luis Abinader, mete kondisyon pou relansman relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn.
Nan yon konferans pou laprès ansanm ak Antony Blinken, Sekretè Deta ameriken, vandredi 6 septanm 2024, li te di ke sekirite nan peyi dAyiti dwe amelyore avan okenn chanjman fèt.
« Nou vle ranfòse relasyon yo, men priyorite nou se sekirite pèp Dominiken, » Abinader deklare. Li te fè konnen depi 2021, li te avèti kominote entènasyonal la sou sitiyasyon sekirite ki kontinye degrade an Ayiti.
Prezidan Abinader ajoute ke peyi l ap kontinye kolabore ak Ayiti, espesyalman pou relouvri espas ayeryen an pou vòl, men kondisyon sekirite rete prensipal baryè pou nenpòt chanjman nan relasyon ant de peyi yo.
Pandan konferans lan, li te mete aksan sou presyon kriz ayisyèn nan ap mete sou Dominikani, sitou nan sante piblik ak migrasyon.