Nòt Primati Ayiti
Akoz gwo lapli ki tonbe sou peyi a, Gouvènman Repiblik la mete plis fòs nan plan ijans li pou ede popilasyon ki pi frajil yo.
Jounen jodi dimanch lan, ekip gouvènman an distribye plizyè santèn dra plastik bay fanmi ki deplase nan kan Delma ak Boudon, pou ede yo pwoteje tèt yo kont move tan an. Aksyon sa a antre nan kad mezi ijans otorite yo mete an plas pou bay moun ki nan nesesite yo yon asistans rapid, efikas epi byen kowòdone.
Apati lendi 14 avril la, gouvènman ap anonse lansman yon nouvo faz nan pwogram asistans imanitè a. Y ap distribye manje cho sou plizyè sit nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, pou reponn ak bezwen ijans moun deplase yo genyen pou manje.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé reyafime angajman total li pou sipòte sinistre yo avèk diyite, efikasite ak solidarite. Li lanse yon apèl bay tout patnè nasyonal ak entènasyonal yo pou mete men ansanm pou ogmante repons imanitè a epi soutni efò ki deja lanse yo.