Frankétienne, yon gran ekriven, powèt, mizisyen, ak pent ayisyen, kite nou nan dat 20 fevriye 2025 a laj de 88 lane. Gran entelektyèl sa a, ki te kreye mouvman espiral la, kite yon eritaj kiltirèl rich ki make listwa literati ak atizay peyi a.
Frankétienne te bay lang kreyòl la plis valè ak respè atravè zèv li yo, tankou « Dezafi », premye woman ki te ekri nètalkole nan lang manman nou. Travay li yo te toujou mete limyè sou reyalite sosyal ak politik Ayiti, epi yo te enspire plizyè jenerasyon ekriven ak atis.
Nan tout lavi li, Frankétienne te goumen pou lang kreyòl la jwenn plas li nan lekòl, nan literati, ak nan tout nivo sosyete a. Li te toujou kwè ke lang pa ka yon baryè men pito yon zouti libèté ak devlopman pou chak Ayisyen.