Home Enfo Lokal Fils-Aimé kondane zak vyolans gang yo nan kapital la

Fils-Aimé kondane zak vyolans gang yo nan kapital la

Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé eksprime gwo tristès li fas ak zak vyolans gang ame yo kont popilasyon sivil nan plizyè katye nan kapital la. Zak sa yo, ki vyole dwa fondamantal sitwayen yo, lakoz anpil soufrans nan kominote ki viktim yo. Nan mesaj li, chèf gouvènman an voye tout senpati li bay moun ki viktim zak sa yo.

Anfas kriz sa a, gouvènman an renouvle angajman li pou konbat vag deplasman fòse yo. Li di li pral ranfòse sekirite piblik, reponn ijans ak bezwen imanitè, epi travay sou solisyon dirab. Avèk sipò kèk patnè entènasyonal, gouvènman an deja pran dispozisyon pou bay manje ak swen sante pou moun ki deplase yo.

Premye Minis la redi ankò detèminasyon li pou retabli lapè sivik epi pèmèt sitwayen yo sikile lib. Li lanse yon apèl bay tout aktè nasyonal yo pou mete tèt ansanm pou fèmen chapit vyolans sa a yon fwa pou tout.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here