Kabinè gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé finalman fòmalize apre piblikasyon yon arete vandredi 15 novanm 2024. Gouvènman sa a gen ladan l’ minis ki te rekondui ansanm ak nouvo figi ki pral dirije diferan ministè kle nan peyi a.
Minis yo rekondui
Nan kabinè sa a, gen kèk minis ki kenbe pozisyon yo:
- Ketleen Florestal: Minis Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn (MPCE)
- Raphael Hosty: Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (TPTC)
- Vernet Joseph: Minis Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR)
- James Monazard: Minis Komès ak Endistri
- Moise Jean Pierre Fils: Minis Anviwònman
- Georges Wilbert Franck: Minis Afè Sosyal ak Travay (MAST)
- Lynn Octavius: Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik
- Augustin Antoine: Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP)
Nouvo minis yo
Arete a pote tou nouvo chanjman nan kabinè a:
- Paul Antoine Bien-aimé: Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT)
- Alfred Metellus: Minis Ekonomi ak Finans
- Patrick Pelissier: Minis Jistis ak Sekirite Piblik
- Harvel Jean Baptiste: Minis Afè Etranjè ak Kilt (MAEC)
- Dr. Lorté Blema: Minis Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP)
- Erick Dessources: Minis Touris
- Jean Michel Moise: Minis Defans
- Pedrica St-Jean: Minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MCFDF)
- Katia Verdier: Minis Ayisyen ki Viv Aletranje (MHAVE)
- Patrick Delatour: Minis Kilti
Yon nouvo direksyon?
Kabinè sa a montre yon melanj eksperyans ak renouvèlman. Plizyè sektè estratejik gen nouvo moun k ap dirije yo, tankou sante, finans, jistis ak kilti. Popilasyon an ap tann pou gouvènman sa a pran mezi solid pou adrese kriz peyi a ap fè fas, pandan y ap travay pou amelyore kondisyon lavi tout sitwayen.
Eske chanjman sa yo pral pote rezilta?
Apre 3 lane tranzisyon Ariel, preske 6 mwa avèk Conille, popilasyon an preske pèdi lespwa nan leta. Se konmsi chak ekip minis ki vini, se zafè pa yo ak ti klan yo vin regle.
Eske sa ap diferan koulye a? Se tan k ap reponn kesyon sa a.