Home Enfo Lokal Voltaire nan peyi Kolonbi pou patisipe nan COP 16

Voltaire nan peyi Kolonbi pou patisipe nan COP 16

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, pran avyon al Kolonbi, nan vil Cali, pou li patisipe nan Konferans Pati yo (COP 16) kote l’ap reprezante Ayiti. Dapre yon nòt ofisyèl, pandan konferans lan, Voltaire pral re-afime angajman Ayiti nan pwoteksyon anviwònman an e mande plis solidarite entènasyonal kont defi klimatik yo, sitou pou peyi vilnerab yo tankou Ayiti.

Anplis de sa, Voltaire ap rankontre Sekretè Jeneral Nasyonzini, António Guterres, pou diskite sou kriz sekirite ak imanitè Ayiti ap travèse a. Rankont sa pral yon opòtinite enpòtan pou sansibilize kominote entènasyonal la sou nesesite pou soutni Ayiti plis nan estabilizasyon ak rekonstriksyon peyi a.

Anvan li te pati, Voltaire te prezante yon bilan sis mwa travay Konsèy la fè. Li raple ke KPT te enstale nan yon moman enstabilite, e yo rive simonte plizyè defi pou akonpli angajman yo genyen anba Akò 3 avril la pou yon Tranzisyon Pasifik ak Òdone.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here