Home Enfo Lokal Nasyonzini pran sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor

Nasyonzini pran sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor

Lendi 30 septanm 2024, Nasyonzini anonse sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor poutèt li mele nan trafik zam. Dapre rapò yo, Prophane Victor te sèvi ak vyolans pou jwenn avantaj politik. Li vin premye ansyen palmantè Ayiti ki resevwa sanksyon nan men Nasyonzini.

Prophane Victor te deja anba sanksyon Etazini, ansanm ak Luckson Elan, chèf gang « Gran Grif » ki nan Savien. Nasyonzini mete yo sou lis moun sanksyone Konsèy Sekirite a depi 27 septanm 2024.

Sanksyon sa yo se yon pati nan batay entènasyonal la kont enpinite ak vyolans ki ap ravaje Ayiti.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here