75è anivèsè sekirite sosyal nan peyi d Ayiti
Deklarasyon angajman MAST, ONA, AFATMA, EPPLS, ONM, BSEIPH et IBESR
Nan okazyon 75è anivèsè sekirite sosyal la, nan non tout Gouvènman an, Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) ansanm ak tout ògàn sekirite ak pwoteksyon sosyal yo deside pran 10 angajman piblik sa yo, yon fason pou yo chèche amelyore kondisyon sosyal sitwayèn ak sitwayen yo nan peyi a.
1. Premye angajman
Amelyore epi ranfòse dispozitif kominikasyon sou pakè sèvis piblik òganis sekirite sosyal yo ofri nan domèn pwoteksyon sosyal ;
2. Dezyem angajman
Amelyore aksè ak kalite sèvis piblik pwoteksyon sosyal leta dwe popilasyon an;
3. Twazyem angajman
Travay pou ofri yon kouvèti sekirite sosyal inivèsèl
4. Katriyèm angajman
Ranfòsman kapasite ògàn sekirite sosyal yo : ONA, OFATMA, ONM, EPPLS, BSEIPH, IBESR ak EPPLS
5. Senkyèm angajman
Lanse refòm lwa sosyal yo ;
6. Sizyèm angajman:
Kreyasyon ofis asirans chomaj ak sevis estaj pwofesyonèl obligatwa ;
7. Setyèm angajman:
Kreye kondisyon pou yon dialòg pèmanan ak patnè sosyal, patnè teknik ak finansye yo sou gouvènans sitèm pwoteksyon sosyal la nan peyi a ;
8. Uityèm angajman
Defini yon mekanis finansman andojèn pou pwoteksyon sosyal la nan peyi a ;
9. Nevyèm ngajman:
Ranfòse koperasyon ant tout antite pwoteksyon sosyal yo pou kapab amelyore pèfomans yo.
10. Dizyèm angajman
Rantre tout ògàn ak enstitisyon ki nan sistèm sekirite ak pwoteksyon sosyal la nan teknoloji ak transfòmasyon nimerik yo, yon fason pou amelyore aksè ak efikasite yo.