Home Enfo Lokal Peyi ti komik : Manb Konsèy Elektoral pa gen okenn pyès idantite

Peyi ti komik : Manb Konsèy Elektoral pa gen okenn pyès idantite

Peyi ti komik, espektak gratis. Yon Konseye Elektoral prete sèman san okenn pyès idantite: Nou kòmanse ak yon sispens!

Nan yon moman ki ta sipoze yon etap enpòtan pou peyi a, prestasyon sèman sèt (7) manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a, ki te prevwa fèt 11 zè di maten, te finalman demare… a 1 zè PM! Sa ki pi komik la? Se pa retad la sèlman ki te bay pèp la yon « sòti espesyal » men tou absans kèk pyès idantite.

Menm si twa (3) nan nouvo “chofè” demokrasi nou yo te rive san kat idantifikasyon nasyonal yo, kè pa t ap kase! Jidisyè a deside fè sa k ka fèt: yo asepte lòt pyès idantite, pou rezoud pwoblèm nan rapid vit. Men, damye a te pi amizan ak manmzèl Marie Florence Mathieu, reprezantant inivèsite a, ki pa t gen okenn pyès idantifikasyon ditou. Antouka, se temwen ki te dwe konfime idantite li pou asire ke tout bagay « regle ». Wi, mesye dam, se konsa demokrasi fonksyone!

Malgre sitiyasyon sa yo, Marie Florence Mathieu se li menm ki te gen onè pou adrese asanble a nan non Konsèy la. Avèk prezans gwo chabrak tankou Prezidan CPT a, Leslie Voltaire, ak Premye Minis Garry Conille, pèp la rete tann avèk « konfyans » ki kalite eleksyon “sofistike” ekip sa a pral òganize.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here