Leslie Voltaire ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm lan, Pédrica Saint-Jean ak divès lòt pèsonalite enpòtan nan peyi a, te asiste, jounen vandredi 13 desanm 2024 la, seremoni kote Madam Rose Thérèse Magalie Georges ak Madam Yves Marie Édouard, 2 nouvo manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a, nan lekòl Majistrati Pòtoprens lan.
Madam Rose Thérèse Magalie Georges, reprezantan sektè Dwa moun lan ak Madam Yves Marie Édouard, reprezantan sektè Fanm yo, vin konplete KEP a ki te deja gen 7 moun ki se :
• Madam Schnaida Adely, reprezantan kominote Vodou
• Mesye Patrick Saint-Hilaire,reprezantan Konferans Episkopal Ayiti
• Mesye Peterson Pierre-Louis, reprezantan Kilt refòme
• Madam Marie Florence Mathieu, reprezantan Konsèy Inivèsite peyi a
• Mesye Jacques Desrosiers, reprezantan Asosyasyon Jounalis yo
• Mesye Jaccéus Joseph, reprezantan Asosyasyon Peyizan yo
• Mesye Nemrod Sanon, reprezantan Sendika yo.
Nan diskou li a, Prezidan KPT an, Leslie Voltaire salye epi felisite 2 nouvo manm ki konplete KEP a. Li tou pwofite mande tout ekip la pou travay rapid vit pou li rive òganize bon jan eleksyon nan fen ane 2025 lan jan Akò 3 Avril la mande sa.