Home Lòtbò Gwo Tranblemanntè touye plis pase 1600 moun nan Myanmar

Gwo Tranblemanntè touye plis pase 1600 moun nan Myanmar

Yon tranblemanntè 7.7 sou echèl Richter frape Myanmar vandredi 28 mas 2025, lakòz gwo dega ak plis pase 1600 mò ak 3000 blese. Episant li te nan Sagaing, epi kèk minit apre, yon lòt sekous 6.7 te frape ankò. Kay, pon, legliz kraze, kite plizyè moun anba debri yo.

Vil Mandalay pi touche, ak plizyè douzèn moun bloke nan bilding ki tonbe. Malgre difikilte, sekouris ap chèche sivivan. Gouvènman militè a lanse yon apèl pou èd entènasyonal. Lachin, Lend ak Kore di Sid deja voye asistans.

Pandan sa, vil Bangkok an Tayilann te santi sekous yo, kote yon bilding 30 etaj kraze, mete plizyè moun an danje. Sekouris kontinye fouye pou sove lavi. Myanmar pa t prepare pou yon katastwòf konsa, e kriz politik la rann sitiyasyon an pi mal.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here