Fritz Alphonse Jean ak Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Edgard Leblanc Fils, Laurent Saint-Cyr ak Régine Abraham te rankontre ak manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, jounen vandredi 14 mas 2025 lan, nan Viladakèy.
Yo te echanje sou plizyè pwen konsènan sitiyasyon sistèm jidisyè a. Yo te diskite espesyalman sou plizyè defi enstitisyon jidisyè a ap fè fas, tankou : ensekirite a ki anpeche tribinal yo byen fonksyone nan tout peyi a, lokal pou Tribinal Premye Enstans ki twouve yo nan zòn ki gen gwo risk yo, epi pwoblèm mwayen ak lojistik.
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pran dispozisyon pou rezoud diferan pwoblèm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ap fè fas pou pèmèt sektè a pi byen travay nan benefis popilasyon an.































