Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Emmanuel Vertilaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, Prezidan Kou Kasasyon an, Jean Joseph Lebrun, ak plizyè lòt pèsonalite enpòtan nan peyi a, te patisipe nan seremoni « Relokalizasyon Tribinal Premyè Enstans » Pòtoprens lan, nan Dèlma 75.
Fritz Alphonse Jean fè konnen inogirasyon nouvo lokal Tribinal Premyè Enstans lan reprezante yon gwo pa nan batay k ap mennen pou fè pèp la gen plis aksè ak jistis nan peyi a. Pou Prezidan KPT a, peyi a ap travèse yon peryòd difisil akoz ensekirite a ki ap vale teren. Nan sans sa a, Kowòdonatè Konsèy la angaje l, pou tabli lapè nan peyi a pou favorize fonksyonman tout enstitisyon jidisyè yo. Ekselans Fritz Alphonse Jean swete bon travay ak manm Tribinal Premyè Enstans lan, epi afime nan non KPT a, pou ba yo tout akonpayman ki ka pèmèt yo byen travay.
Minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier di rekreyasyon an fini, fòk lapè tabli nan peyi a. Nan sans sa a, ministè a ap fè tout sa l kapab pou asiste fòs lòd yo. Li remèsye chak polisye, manm Lame a ak Misyon miltinasyonal la ki ap travay pandan plis ke 12èd tan chak jou pou sekirize popilasyon an. Li tou pwofite salye memwa moun ki mouri yo. Li fè konnen, ministè a deja kòmande anpil materyèl pou polisye yo ka travay nan pi bon kondisyon. Ministè a kanpe fèm ak polisye yo epi fè konnen tout demach yo vize « Aksyon, Rezilta, Transparans ak Redevabilite ».
Prezidan Kou Kasasyon an, Jean Joseph Lebrun, bò kote pa li, salye inisyativ relokalizasyon Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan. Pwojè sila a reprezante kòmansman plizyè lòt gwo pwojè ki vize relokalize, konstwi oubyen rekonstwi plizyè enstitisyon nan sistèm jidisyè a.
Patisipasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an nan inogirasyon nouvo lokal Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, montre enpòtans Jistis pou Leta a. Refòm nan sistèm jidisyè a se youn nan gwo priyorite KPT a ki pa sispann travay pou tabli lapè nan peyi a.