Nan vil Santiago, Dominikani, sektè konstriksyon an deja santi gwo konsekans repatriyasyon masiv ayisyen yo. Sandy Rodríguez Gutiérrez, prezidan Asosyasyon Pwomotè ak Konstwi Kay nan Sibo (Aprocovici), eksprime enkyetid li paske anpil travayè ayisyen pa retounen travay akoz pè pou yo pa depòte.
Dapre Gutiérrez, anpil nan pwojè konstriksyon yo ralanti, paske travayè ayisyen yo pito rete lakay yo olye yo pran chans sòti. Li mande otorite dominiken yo pou bay pèmi tanporè pou travayè etranje yo, kit yo ayisyen oubyen soti nan lòt peyi. Li fè konnen anpil dominiken prefere travay nan fini pwojè, tankou mete planche, penti ak pòt, olye de travay gri, ki gen rapò ak fondasyon ak moso difisil konstriksyon yo.
Lè yo te vizite “Santiago Center,” pi gwo sant komèsyal nan zòn nan, yo remake ke anpil travayè ayisyen manke, e travay yo ap vanse ralanti.