Nòt pou laprès
Nan mitan mwa fevriye 2026 la, plis pase 500 òganizasyon ak yon santèn pèsonalite atravè peyi a ak dyaspora a te lanse yon gwo kout rèl pou atire atansyon sosyete a sou yon gwo malè ki menase ekzistans nasyon ayisyen an. Evènman k ap dewoule nan Amerik la ak anndan peyi a pèmèt siyatè sila yo konprann peyi Etazini antamen yon pwosesis brital pou rekolonize Amerik la patikilyèman peyi k ap konfwonte gwo boulvès tankou Ayiti.
Malerezman, nan dènye tan yo, anpil desizyon majè ki pran alafwa nan peyi Etazini ak pa bò isit vin konfime krent ki te eksprime yo. Administrasyon Prezidan Donald Trump la pa sispann montre sou ki bit yo kanpe nan menase tout moun, kidnape Prezidan Maduro nan peyi Venezyela, deplwaye gwo bato lagè nan lanmè Karayib la, mande anbasadè yo foure bouch yo disèt longè nan zafè peyi d Ayiti. Kote pa yo « dirijan Leta ayisyen » yo mobilize tout syans yo pou likide souvrènte nasyon an ak otonomi Leta a.
Kontèks entènasyonal ajite a melanje ak kawo pwograme nan peyi a pèmèt tout mask tonbe. Pa gen benyen kache lonbrik ankò. Konkirans sovaj ant gwo nasyon yo pou konnen kiyès ki toro mond la lakòz tout prensip, tout lwa, tout diplomasi kaba. Prezidan Trump ak ekip li detere doktrin Monroe a ki di Lamerik se pou meriken Etazini senpman. Se Leta meriken ak asosye l yo kap deside dirèkteman sak dwe fèt bò isit, kèlkeswa volonte popilasyon an.
Nan konjonkti espesyal 7 fevriye 2026 la, anbasad meriken pran plas pèp souvren pou mete gwo ponyètman « konze » yo vle alatèt peyi a pou ekzekite plan likidasyon souvrènte nasyon an. Bourik chaje pa kanpe, san pèdi tan gwo kontra siyen ak mèsenè, san fwa ni lwa, pou kontwole fwontyè, pò ak ayeropò peyi a epi kolekte taks nan non Leta ayisyen an. Malgre rèl anpil sektè òganize nan sosyete a, gouvènman monosefal Alix Didier Fils Aimé, san konsètasyon oubyen diskisyon ak kiseswa bay konpayi Evergren ki se pwopriyete Mouche Erick Prince jwe wòl Leta a, nan lage nan men li youn nan prensipal fonksyon yon Leta souvren ki se kontwole fwontyè ak ranmanse taks. Malgre kontra a pa respekte konstitisyon ak lwa peyi a, malgre li pa swiv règ jwèt yo sou pasasyon mache piblik, kou Siperyè Kont pou rezon pèsonn poko konprann bay oke l pou zak trayizon sila a.
Se menm mèsenè Mouche Erick Prince yo ki jwenn kontra touche ant $ 2000 ak $ 2500 ameriken pa tèt chak jou pou konbat vyolans gang ame nan peyi a. Mèsenè sa yo ap feraye depi prèske yon lane nan peyi a. Ki rezilta yo bay. Nad marinad. Prensipal metòd yo itilize se kanpe byen lwen voye dwonn kamikaz sou teritwa gang yo okipe, san konsiderasyon pou rivren inosan yo. Òganis dwa moun yo deja resanse plis pase 2000 sitwayen -fanm kou gason- ki pèdi lavi yo anba bonb sa yo. Anpil medya ayisyen rapòte jedi ki te 12 mas la, yon ekip mèsenè sa yo ansanm ak lapolis mennen yon operasyon nan Mònatif, ki kite atè 49 kadav, men okenn bandi koni pa janm arete.
Yon lòt gwo kontra anba tab siyen ak konpayi ameriken Metrick Facility SA pou konstui 3 prizon pou apeprè 85 milyon dola ameriken. Prizon sa yo ta sipoze resevwa anviwon 15 mil prizonye. Leta ap finanse 75% epi se konpayi a ki pral jere prizon sa yo pandan 50 lane epi Leta ayisyen ap
1
peye l $ 22 ameriken chak jou pou chak prizonye. Kontra a ekzije Leta peye kòb sa a chak jou pou 12 mil prizonye kèlkeswa kantite prizonye ki anndan l vreman. Kidonk menm si se 3000 ki ta anndan prizon an Leta ap peye 22 dola ameriken miltipliye pa 12 mil. Kou Siperyè Kont sanble poko pase paraf anba kontra sila a.
Kontra sila yo soulve plizyè pwoblèm majè lakay nou menm ki siyen nòt sa a ak lakay anpil moun nan sosyete a. Yon gouvènman ki ta sipoze la pou defann enterè siperyè nasyon an epi ranfòse kapasite Leta a deside pito redui l platatè pou bay etranje jwe wòl Leta a. Mèsenè etranje san fwa ni lwa pa gen anken enterè pou l ta wete Ayiti nan yon kriz kote li se premye benefisyè. Prensipal misyon « dirijan ayisyen » sila yo se sabote tout kapasite rezistans Leta a ak sosyete a pou fasilite rekolonizasyon sekretè deta ameriken Marco Rubio ap mache fè lwanj li a.
Tout desizyon majè k ap pran nan moman an ale nan sans ranfòse kontwòl etranje yo sou peyi a pandan yap mete tout kalite mekanism pou divize sosyete a, degèpi popilasyon an nan katye l, masakre l pou anpeche l patisipe nan desizyon ki konsène lavi ak lavni nasyon an. Demach pou kenbe sistèm apatèd la tengfas nan moman kote lemond ap sibi transfòmasyon radikal sa a rive nan toubout li. Sosyete a revandike chanjman sistèm apatèd sa a ki kale apati sasinay Anperè Desalin nan e ki mennen peyi a nan lanfè jodi a. Kolòn afranchi ki konstui sistèm debalanse sila a pandan 2 dènye syèk la osèvis metwopòl yo se yon echèk total kapital pou peyi d Ayiti. Sosyete òganize a bouke bat chalbari dèyè yo epi leve kanpe pou evite peyi etranje kontinye mete moun yo vle kòm popetwèl alatèt peyi a pou kontinye likide ba yo tout richès peyi a.
Moman an rive pou desandan Desalin yo eksplwate tout chirepit k ap manifeste nan mond lan pou manifeste vizyon lavi pa yo ak pwojè Ayiti Granmoun nan. Moman an rive pou ayisyen tout bon yo pran mayèt peyi a pou alafwa reziste kont pwosesis rekolonizasyon an epi kreye kapasite pou mete alatèt peyi a yon veritab Gouvènman Sovtaj Nasyonal ki nan tout otonomi l ka adrese kriz la nan dimansyon konjonktirèl ak estriktirèl li epi trase wout pou kanpe yon Leta ayisyen granmoun ki gen lòt kalite relasyon ak popilasyon an, yon Leta ki osèvis popilasyon an e ki tabli relasyon ekilibre ak tout pèp frè sou latè.
Yon lòt fwa ankò, nan non tout òganizasyon ak pèsonalite ki te siyen Apèl la, nou kontinye denonse wòl « dirijan ayisyen » yo kap fasilite pwosesis rekolonizasyon an epi nou renouvle kout rèl la pou mande tout patriyòt, tout pwogresis ayisyen alawonn badè machekontre pou kanpe fwon rezistans patriyotik la pou sosyete a reprann peyi a anchaj epi pèmèt Ayiti pote kontribisyon orijinal li nan chimen kap trase pou limanite soti nan chema destriksyon an pou rantre nan yon mond ki chita sou solidarite ak pataj ki se mak fabrik peyizan ayisyen an.
Lè li pi fè nwa se solèy ki pral leve !
Pòtoprens, 27 mas 2026
Pou otantifikasyon :
2
Pou òganizasyon, rezo òganizasyon ak pèsonalite ki otantifye nòt pou laprès la
| Oganizasyon / rezo òganizasyon / pèsonalite | Reprezantan Fanm kou gason | Siyati |
| 4 Je Kontre Manti Kaba | Chavannes JN BAPTISTE | |
| Fwon Patriyotik Popilè FPP | Jean William JEANTY | |
| Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement GAFE | David TILUS | |
| Kout Lanbi Rasanbleman pou Liberasyon Ayiti KLARALA | Michelle DANIEL | |
| Espace national d’Organisation de la Société Civile Revendicative en Haïti | Gédéon LOUISGédéon LOUIS | |
| Kolektif Solidarite Idantite ak Libète KSIL | Rudolph PRUDENT Rudolph PRUDENT | |
| Biwo Swivi AKò Montana BSA | acques Ted SAINT. DICJacques Ted SAINT. DIC | |
| Rezo Òganizasyon zòn Lwès ROZO | Ivito MACKANALIvito MACKANAL | |
| Renouvo Demokratik – RED | Jacques CHARLEMAGNE cques CHARLEMAGNE | |
| Gwoup Refleksyon Fowòm Politi Sosyo Pwofesyonèl Ayisyen GR FPSPA | Jeffrey JEAN | |
| Christian ROUSSEAU | ||
| Guichard BEAULIEU | ||
| Philippe DELVA | ||
| Marcelin MONTAIGNE | ||
| Lionel LEGROS |
Nòt pou laprès
Lis lòt òganizasyon, rezo òganizasyon ak pèsonalite nan peyi a ak dyaspora ki andose nòt la
| Òganizasyon / Rezo òganizasyon / Pèsonalité / Non ak Siyati | Abrevyasyon | Komin | Reprezantan – fanm kou gason |
| Depatman Grandans | |||
| Konbit Peyizan Gran Vensan | KPGV | Wozo | Friguel St. Juste |
| Organisation Planteurs pour le Développement de la Grand-Anse | OPDGA | Wozo | |
| Federasyon Depatmantal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Grandans | TK | Depatman Grandans | Louis Destin Ligène |
| Ayiti Djanm Grandans | AD | Depatman Grandans | Blandine Sugne |
| Òganizasyon Kòve Plantè Grandans | OCPGA | Wozo | Océant Senic |
| Konbit Peyizan Fon Kochon | KPEFKO | Wozo | Joël Revange |
| Konbit Peyizan Grandans | KPGA | Depatman Grandans | Nicossa Paulémont |
| Konbit Fanm Peyizan Wozo | KFPWO | Wozo | Joanne Moise |
| Grandans Reveye | GR | Depatman Grandans | Bouchensky Legagneur |
| Depatman Sid | |||
| Kòdinasyon Òganizasyon pou Devlopman Kòt Sid | KODEKOS | Kòt Sid | Francklin Dorvilier |
| Initiative Universitaire du Sud | ITUS | Beauvil Stanley | |
| Asosiyasyon Aktif nan St Lwi | AFAS | St Lwi | Yolaine Malbranche |
| Depatman Nip | |||
| Kòdinasyon Òganizasyon nan Rejyon Nip | KORENIP | Nip | Pierre Phylogène |
| Òganizasyon kap Kore Abitan nan Nip | OKAN | Nip | Daniel Sanon |
| Konbit Fanm pou Devlopman Nip | KOFADNIP | Nip | Raphaela Lemaine |
| Depatman Sidès | |||
| Òganizasyon Peyizan pou Devlopman Marigo | OPDM | Marigo | Fredo Pierre Louis |
| Kolektif Peyizan pou Devlopman Ekonomik ak Sosyal Benè | KOPDÈS | Benè | Jean Paul Brevil |
1
Nòt pou laprès
| Òganizasyon / Rezo òganizasyon / Pèsonalité / Non ak Siyati | Abrevyasyon | Komin | Reprezantan – fanm kou gason |
| Depatman Nòdwès | |||
| Federasyon Depatmantal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Nòdwès | FTKPNO | Depatman Nòdwès | Sidolin Pierre |
| Ayiti Djanm Pòdpè | AD | Pòdpè | Pierre Joseph |
| Òganizasyon pou Devlopman Pye Fò | ODPPF | Janrabèl | Tenelus Kéner |
| Òganizasyon Plantè Bananye Blen | OPBB | Janrabèl | Rosima Rosly |
| Ayiti Djanm Bèdeyèn | Bèdeyèn | Igenel Jean-Baptiste | |
| Ayiti Djanm Bonbad | Bonbadopolis | Jean-Ronel Valbrun | |
| Inisyativ Fanm Aktiv | IFA | Janrabèl | Edithe Milate |
| Òganizasyon Peyizan Solon | OPS | Janrabèl | Hénock Dorestal |
| Inisyativ Fanm Lamontay | IFAM | Janrabèl | Edithe Milate |
| Asosyasyon Kominal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Janrabèl | TK | Janrabèl | Félix Duchène |
| Mains Unies pour l’Avancement et la Libération communautaire | MULAC | Edith Renonvil | |
| Rassemblement des Organisations du Nord-Ouest | RADN | Nòdwès | Nuclasse Désir |
| Òganizasyon Peyizan Tèt Ansanm pou Devlopman Agrikòl Mawotyè | OPETMA | Adilus Dervice | |
| Asosiyasyon Fanm Devwe pou Devlopman Ansafolè | AFDAF | Ansafolè | Lunèse Charles |
| Mouvman Jèn Konsekan pou Devlopman Mawotyè | MJKDM | Salnave Aima Alnéus | |
| Mouvman pou Devlopman Jan Rabèl | MDJR | Pradel Dossous | |
| Organisation des Femmes Vaillantes de Côte de Fe | OFVC | Kodefè | Duverciane Lordéus |
| La Jeunesse en Action de Ramadou | LJEAR | Richards Fougué | |
| Depatman Latibonit | |||
| Asosyasyon Kominal Tèt Kole Ti Peyizan Gwomòn | TK | Gwomòn | Sthevy Alfred |
| Asosyasyon Orijinè Gran Plènn | AOG | Gwomòn | Eclesias Guerisma |
| Ayiti Djanm Gwomòn | AD | Gwomòn | Audalbert Norvilus |
| Depatman Nò | |||
| Òganizasyon Gwoupman Peyizan pou Devlopman Laviktwa | OPDL | Laviktwa | Jonas Paul |
2
Nòt pou laprès
| Òganizasyon / Rezo òganizasyon / Pèsonalité / Non ak Siyati | Abrevyasyon | Komin | Reprezantan – fanm kou gason |
| Batay Ouvriye Sen Rafayèl | BO | Sen Rafayèl | Wilfrid Pierre |
| Asosyasyon Fanm Sen Rafayèl | ASOFAS | Sen Rafayèl | Mireille Petit Frère |
| Association La Sève Saint Rafayèl | ASR | Sen Rafayèl | Arthur Cénéïde |
| Asosyasyon Jèn Travayè Peyizan Laviktwa | AJPL | Laviktwa | Judelin Alexis |
| Asosyasyon Kominal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Piyon | TK | Piyon | Amy Acson |
| Òganizasyon pou Devlopman Seksyon Bwapen Bawon | ODSBB | Bawon | Arezard Célestin |
| Ayiti Djanm Nò | AD | Depatman Nò | Jean Jacques Henrilus |
| Asosyasyon Kominal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Bawon | TK | Bawon | Ezaïe Chérélus |
| Asosyasyon Kominal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen Laviktwa | TK | Laviktwa | Lozane Desarmes |
| Òganizasyon Gwoupman Peyizan pou Devlopman Seksyon Mathurin, Sen Rafayèl | 0GPDM | Sen Rafayèl | Ronel Dolcé |
| Ayiti Djanm Laviktwa | AD | Laviktwa | Louis Erilio Decesse |
| Asosyasyon Fanm Solidè Laviktwa | ASAFOLA | Laviktwa | Jean Matanise |
| Depatman Nòdès | |||
| Mouvman Altenatif Sosyete Pa Nou | MASOPA | Karis | Odrinx Similien |
| Goch Revolisyonè Pou yon Altènativ Politik Lakay | Wonòdès | Iphonise Profil | |
| Mouvman Fanm Peyizan Karis | MFPK | Karis | Jacqueline S. Phylidor |
| Mouvman Ognaizasyon Peyizan Karis | MOGPK | Karis | Milius St Fleur |
| Semeur d’Amitié et de Fraternité de Welch | SAFO | Kapotiy | Roseline Pierre |
| Evanjelizasyon Kominotè Sante Monben Kwochi | EKSM | Monben kwochi | Jean Rony St Fleur |
| Mouvman Otodetèminasyon Pou Relèv Entèjenerasyonèl | MODEL | Wonòdès | Jouvely Augustin |
| Inyon òganizasyon Peyizan pou Avansman Bwalorens | IOPAB | Bwalorens | Edmond Alcinord |
| Asosyasyon pou Devlopman Fanm Gran Platon | ODFG | Bwalorens | Fanilia Bellamy |
| Rezo kominal Fanm Kapotiy | RKFK | Kapotiy | Annette Saintilbert |
| Mouvman Jèn Aktif Kapotiy | MOJAK | Kapotiy | Quesnel Brutus |
| Oganizasyon Fanm k ap lite pou Devlopman Lagwamit | OFKDL | Monben Kwochi | Amose Pierre |
| Groupe Réflexion et d’Action Mombinoise | GRAM | Monben Kwochi | Debonarques Louis |
| Réseau des Organisations de Jeunes Progressistes de Carice | ROJEPROC | Karis | Wilnick Alexis |
3
Nòt pou laprès
| Òganizasyon / Rezo òganizasyon / Pèsonalité / Non ak Siyati | Abrevyasyon | Komin | Reprezantan – fanm kou gason |
| Goch Revolisyonè Pou Yon Altènativ Politik Lakay | GRAP La | Monben Kwochi | Ilianise Cétoute |
| Tèt Ansanm Montòganize | TAMO | Montòganize | Anol Jean |
| Tèt Kole Ti Peyizan | TK | Nòdès | Eliphète Joseph |
| Oganizasyon Fanm Peyizan Wanament | OFPW | Wanament | Alta Prophète |
| Kòdinasyon Rezistans Popilè Nòdès | KRPN | Nòdès | Bind St Jacques |
| Òganizasyon Devlopman Pon Sab | OPDS | Valyè | Dieudonné Sylfrard |
| Depatman Sant | |||
| Union des Paysans de Maïssade | UPDM | Mayisad | Arcène Romain |
| Mouvman Peyizan Papay | MPP | Sant | Philfrant St Naré |
| Òganizasyon Peyizan Mayisad | OPM | Mayisad | Marie Lucie Adolph |
| Mouvman Jèn pou Avansman Mibalè | MOJAM | Aline Garçonvil | |
| Mouvman Fanm Mibalè | MOUVFANM | Mamousse Pierre Toussaint | |
| Asosiyasyon Peyizan pou Devlopman Sèkalasous | APDS | Sèkalasous | Emanès Faoutine |
| Solidarite Fanm ak Machann Boukan Kare | SOFAMAB | Boukan Kare | Yolette Joseph |
| Rasanbleman Òganizasyon ak Lidè Kominotè Tomond | ROLKT | Tomond | Danio Mondestin |
| Mouvman Peyizan Sèkakavajal | MPSK | Sèkakavajal | Perelus Pierre |
| Mouvement Jeunes de Hinche | MJH | Ench | Charlot Joseph |
| Association des Femmes Progressistes du Centre | AFPC | Sant | Espelina Jean Baptiste |
| Depatman Lwès | |||
| Initiative des Citoyens Organisés des Palmes | ICOP | Ti Gwav | Innocent Fanfan Junior |
| Mouvman Peyizan Kenskòf pou Devlopman | MPKD | Kenskòf | Marie Carmelle Petit Homme |
| Mouvman Peyizan Kwadèboukè | MOPAK | Kwadèboukè | Louis Sténio Caillot |
| Nasyonal | |||
| Asosyasyon Nasyonal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen | TK | Ayiti | Pierre Mary Louis Origène Louis |
| Ayiti Djanm | AD | Ayiti | Ollery Saint Louis |
| Gwoup Refleksyon Moyiz Louvèti | GRML | Ernst Mathurin | |
| Pèsonalité | |||
| Norbert Télusmond | Nò | ||
| Marie Denise Nérès St Fleur | Nòdès | ||
| Anol Phylidor | Nòdès | ||
| Remond Eugène | Nòdès | ||
| Gracius Pervil | Nòdès | ||
| Poliner Augustin | Nòdès | ||
4
Nòt pou laprès
| Òganizasyon / Rezo òganizasyon / Pèsonalité / Non ak Siyati | Abrevyasyon | Komin | Reprezantan – fanm kou gason |
| Milostène Castin | Nòdès | ||
| Sony Charles | Nòdès | ||
| Corinthe Augustin | Nòdès |
5































