Yo ofri yon rekonpans jiska 5 milyon dola pou enfòmasyon kap mennen a arestasyon ak/oswa kondanasyon chèf gang Ayisyen òganizasyon teworis etranje yo rele « Viv Ansanm » lan
Jodi a, Biwo Afè Entènasyonal Nakotik ak Aplikasyon Lalwa (INL) Depatman Deta a ap anonse yo ofri yon rekonpans anba Pwogram Rekonpans pou Krim Òganize Transnasyonal (TOCRP) ki rive jiska 5 milyon dola pou enfòmasyon kap mennen a arestasyon ak/oswa kondanasyon, nan nenpòt peyi, chèf gang Ayisyen an Jimmy Cherizier, alyas « Barbecue ».
Cherizier se chèf Viv Ansanm, ke Sekretè Deta a te deziyen nan dat 2 me 2025 kòm yon Òganizasyon Teworis Etranje ak Teworis Mondyal Espesyalman Deziyen (SDGT), epi li se yon aktè prensipal ki responsab vyolans gang ann Ayiti. Yo konnen li pou jan li meprize totalman diyite moun, Cherizier enplike dirèkteman tou nan zak masak ak vyòl sou sivil Ayisyen.
Nan mwa Desanm 2020, Cherizier ak de (2) ofisyèl Ayisyen te sibi sanksyon anba Lwa Global Magnitsky sou Responsabilite Dwa Moun (GMA) pou wòl yo nan masak La Saline nan ansanm ak vyolasyon grav dwa moun ann Ayiti.
Rekonpans jounen jodi a vin konplete zak leve sele minisitè jistis fè sou akizasyon kont Cherizier nan Distri Columbia, ki akize l de konplo pou vyole sanksyon Etazini yo an vyolasyon a Lwa Entènasyonal sou Pouvwa Ekonomik nan Ka Ijans (IEEPA). Cherizier te chape a sanksyon yo te enpoze sou li an 2020 anba Lwa Global Magnitsky la. Ko-akize li a, Brazile Richardson, te fè prezante l pou premye fwa devan lajistis jodi a tou nan Washington, D.C.
Sekretè deta a otorize òf rekonpans jodi a anba TOCRP a, ki ap soutni jefò fòs lòd yo pou goumen kont krim transnasyonal atravè lemond epi mennen moun ki an kachèt devan lajistis. Si ou gen enfòmasyon, tanpri kontakte FBI nan 1-800-CALL-FB/ oubyen sou entènèt nan www.tips.fbi.gov. Ou ka bay enfòmasyon tou bay HSI nan 1-866-DHS-2-ICEoubyen sou entènèt nan www.ice.gov/webform/ice-tip-
NAP KENBE TOUT IDANTITE YO STRIKTEMAN KONFIDANSYÈL. Fonksyonè ak anplwaye gouvènman yo pa kalifye pou rekonpans yo.































