Direksyon Santral Lapolis Jidisyè (DCPJ) arete samdi apremidi 2 out la, ansyen senatè lavalas Nenel Cassy. Se nan yon restoran nan Petyonvil, ajan DCPJ yo te arive met lapat sou kolaboratè Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé a, apre yo tap swiv li tout kote li te pase.
Depi kèk mwa, DCPJ te mete yon avi rechèch kont ansyen senatè a, kote yo te akize li deske li nan kòkòday ak gang kriminèl yo epi li nan konplo pou destabilize peyi a. Men, te gen gwo otorite ki te mennen demach pou oblije komisè gouvènman an anile avi sa.
Polisye yo ki te gen kagoul nan tèt yo, te mennen prizonye a touswit nan lokal DCPJ et genyen nan yo ki te tou al fouye lakay Cassy nan Pèleren.
































