Home Espò Ava Lee pran yon lòt meday pou Ayiti

Ava Lee pran yon lòt meday pou Ayiti

Taekwondo: Yon Meday Ajan pou Ava Lee nan Konpetisyon Dracula Open nan Woumani

Ava Lee, yon atis masyal ayisyèn, fè fyète peyi a ankò lè li ranpòte yon meday ajan nan konpetisyon Dracula Open nan Woumani, dimanch 27 oktòb 2024. Apre li te rive nan final la nan kategori -73 kg, Ava te fè fas ak Nadja Tesic, yon atlèt sèrbyèn ki te anpeche li pran meday lò a.

Nan wout li pou rive nan final la, Ava te bat reprezantan Lagrès la, Sakka Charikleia, nan kat final la, epi li te ranpòte yon lòt viktwa kont atlèt kwoasyen an nan demi final la. Malerezman, li pa t ka kontwole atak nadwa Nadja Tesic, ki se chanpyòn Open Skopje nan 2024.

Malgre defèt la nan final la, Ava ranpòte yon lòt meday enpòtan nan karyè li pou ane a, yon senkyèm meday ki enkli twa an lò ak de anjan. Avèk detèminasyon li pou fè plis nan espò a, Ava Lee ap kontinye fè pèp ayisyen an fyè.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here