Premye Minis, Dr Garry Conille, fè chita pale ak Prezidan peyi Kenya, William Ruto, pou ranfòse kowoperasyon Ayiti ak Kenya nan domèn sekirite ak devlopman sosyal ak ekonomik.
Nan kad misyon ofisyèl li nan Lafrik, Dr Conille jwenn yon bèl akèy nan Nairobi kote li te fè konferans pou laprès ansanm ak Prezidan Ruto. Premye Minis la te mete aksan sou bezwen Ayiti genyen pou l jwenn sipò Kenya ak lòt patnè pou restore yon klima sekirite ki nesesè pou avanse nan gwo pwojè politik ak ekonomik peyi a, tankou òganizasyon eleksyon jeneral yo.
Dr Garry Conille pwofite chita pale sa a pou l kontinye apèl li bay peyi patnè yo, envite yo pou yo fè aksyon konkrè pou ranfòse Misyon Entènasyonal Sipò Sekirite a an Ayiti. Prezidan Kenyan an, William Ruto, pwomèt pou l voye 600 polisye pou ogmante kapasite operasyonèl fòs sekirite yo an Ayiti kòm lidè Misyon an.
Prezidan Ruto, nan angajman l, renouvle sipò Kenya pou travay bò kote Ayiti nan kous pou estabilite, lapè ak demokrasi nan peyi a.