Anbasad Etazini fè konnen ke yo deja livre 34 machin MaxxPro bay Ayiti pou ede ranfòse sekirite nan peyi a. Machin sa yo gen kapasite pou reziste kont min ak anbiskad.
« Depi premye kontenjan fòs sekirite miltinasyonal te rive nan Pòtoprens nan mwa jwen, gen kèk pwogrè ki fèt nan batay kont ensekirite a », si nou rive kwè misyon diplomatik la.
Dapre otorite ameriken yo, yo konprann difikilte ak defi Ayiti ap fè fas, men yo detèmine pou kontinye travay ansanm ak patnè Ayisyen yo, ansanm ak kominote entènasyonal la pou jwenn solisyon dirab ki soti nan men Ayisyen yo menm.
Sekretè Blinken te raple pandan vizit li nan peyi a nan dat 5 septanm, ke se pèp Ayisyen an — e non gang yo — ki dwe ekri avni peyi a epi mennen l nan chimen lapè ak pwogrè.